Institut Panos: Sansibilizasyon sou PTME nan Nòdès


Nan kad kanpay Sansibilizasyon ak Edikasyon sou prevansyon transmisyon manman bay pitit, Enstiti Panos, nan tèt kole ak PNLS/MSPP, reyalize dimanch 24 desanm 2023 a, nan sal konferans lekòl enfimyè "IPVA" nan vil Fòlibète yon seyans sansibilizasyon ak Ajan Sante Kominotè Polivalan (ASCP) ki trouve yo nan plizyè komin depatman sila. 



 

Jounen travay sa vize fòme ajan yo epi ede yo konprann danje ki genyen nan transmisyon maladi VIH/SIDA sòti nan manman pou rive sou pitit, men tou diminye kantite timoun kap fèt ak jèm VIH.




 

"Enstiti Panos ap ankouraje tout fanm ki nan laj pou fè pitit al fè tès pou yo konn stati yo. Nap mande tout moun nan popilasyon toujou pran mezi prekosyon yo pou evite pran maladi VIH/Sida. Nou ankouraje tout moun ki enfekte kontinye pran medikaman pouw endetektab", se deklarasyon youn nan responsab enstiti a mis Christella Séjour.




 

N ap fè remake se mis Marie Ève Dorcine, kòdonatris VIH, Dugué Marie Esméralda kise asistant kòdonatris VIH ansanm ak ajan mobilizatè Nòdès enstiti Panos Christella Séjour, kite asire seyans travay la.

 

Sous: Rezo Nòdès News

 

Comments

Popular posts from this blog

Mobilisation contre le cancer du sein : Sensibilisation et Prévention

Panos œuvre pour l'éducation thérapeutique des PVVIH